Arestasyon Dieuseul Désir: yon ajan kap mete zanno pou bèf

2,062

09-02-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Aprè gwo akizasyon ki te tonbe sou Dieuseul Désir kòm ajan ki ap mete zanno pou bèf e ki ap pratike aktivite volè bèf peyizan yo. Peyizan nan Savanolèt debake epi sèke kay li e arete l bay lapolis.

Kèk peyizan ki te gen chans rekipere bèf yo pami 6 bèf kazèk yo te pran nan kad operasyon koud a koud la, yo felisite tèt kole ki genyen nan mitan kazèk yo. Daprè rezidan yo, se tèt ansanm ki fasilite yo jwenn bèf yo.

Sitwàyen yo mande pou Lajistis pa sèlman mete anba kòd moun yo konnen ki pa gen gwo magogo lajan pou jere sistèm nan, yo mande egalman pou Lajistis leve tèt gade nan je tout mimi ki pa sispann vòlè lèt, lè sa popilasyon an ap wè se yon jistis ki pa mare nan pòch okenn vòlè kostume ki gen non nan komin Wanament.

Nap siyale pou ou peyizan nan Savanolèt te anonse gwo mouvman leve kanpe pou Kazèk Hermann Félix pran responsablite l paske yo konstate gen gwo nèg ki pa kite bèf yo; espesyàlman sa yo ki te al mawon ki tounen pou pi rèd.


Comments are closed.