Gouvènman defakto a dekrete eta dijans sanitè pou 8 jou akoz ka kontaminasyon kovid-19 yo kap moute balkon

531

05/23/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) “Pi ke jamè, respè jès baryè yo jodia se yon nesesite pou tout monn nan”, dapwè Jovenel Moise sou kont Twitter li.

Prezidan defakto a te trouve li nan obligasyon pou yon Konsèy Minis ekstraòdinè an visiokonferans; konsa, li kwè li enperatif pou bay yon repons agresif ak velosite kowonaviris la sou tèritwà nasyonal la; e anplis ki plan estratejik ki dwe revize ou ranfòse (mekanism defans ou adaptasyon apwopwiye) fas ak yon parèy sitiyasyon ki mangonmen.

Konsa, bagay yo pran yon anplè kè sote sanzatann. Ki donk, atravè yon tweet, chèf deta defakto a anonse ke gouvènman an dekrete “eta dijans sanitè” pou 8 jou.

Nap raple, anpil ka kowonaviris ta sanble ap miltipliye anndan peyi Dayiti. Ekspè virolojis ayisyen yo deja fè eta de 2 varyan pèpè migratwà ki ta sanble lage plis gaz sou dife a. Konsa, klewonnaj pou retounen avèk jès 6 pye distans lan retounen avèk anpil agresivite ak ijans sanitè yo vinn pi ranfòse.

Anpil kritik rete kwè ke si pwopagasyon ka kontamine ak motalite yo kontnye ap moute balkon, on moun kapab espere yon bonjan mezi konfenman djanm!

Comments are closed.