Kovid-19: tout bagay pa fini pou malad ki te grav yo e ki geri aprè

507

Lond___(TRiboLAND) Sa pa reyèlman fini pou malad ki suviv kowonaviris la! Daprè yon etid ki fèt bò kote yon group ki rele Covid Trauma Response Working Group, ki dirije anba lobedyans Kolèj Inivèsite Lond e ki envòv plizyè ekspè nan Sidès peyi Angletè, moun ki te gen kovid-19 e ki te pase nan swen entansif pi riske.

Kidonk, pou medsen sa yo, “moun ki te malad byen grav lopital akoz kowonaviris la dwe depiste san pèdi tan pou sendwòm strès pos-tromatik (SSPT)”. Dapwè ekspè yo, moun sa yo dwe fè egzamen tanzantan jiska yon lane.

Nan moman sa, medsen yo deja trete plis ke 100,000 moun. Sepandan, ekip Covid Trauma Response Working Group la, revele ke te genyen plizyè milye nan moun sa yo te “malad ase e yo tap kouri risk pou yo devlope sendwòm strès pos-tromatik”.

Konsa, ekip envèstigatè a te tanmen yon seri rechèch ki montre ke 30% moun ki te malad grav pandan epidemi atrapan an te devlope SSPT, alòske pwoblèm depwesyon avèk enkyetid te egalman trè frekan.

Comments are closed.