Konsè mizikal: yon moun mouri e pou pi piti yon douzèn blese nan yon fiziyàd

553

05/23/2021

Chaleston Nò, Kawolin Disid________(TRiboLAND) Yon fiziyàd fèt nan yon konsè muzikal nan zòn Chaleston Nò, Kawolin Disid; genyen pou pi piti yon douzèn moun kip ran bàl ak yon ti fiyèt 14 lane ki mouri, dapwè fòs polis yo jodi dimanch 23 me 2021 an.

Premye enfo yo ta fè eta de yon batay ki te deklentche nan sa ke depatman polis ta kalifye kòm yon konsè ilegal,  kidonk ki pat otorize nan kominote a samdi byen ta, dapwè sa polis Chaleston yo ta deklare nan yon nòt depwès.

Li te vè 10:30 p.m. nan samdi lòske depatman polis te resevwa yon kout fil sou sitiyasyon an ki tap devlope nan konsè a. Konsa, lè te rive sou plas, yo te jwen plizyè moun blese anba bàl e plizyè nan viktim yo te transpòte lopital. Plis pase yon douzèn moun blese, dapwè Chèf polis Depite Chaleston Nò an, Scott Deckard ki tap depoze nan lapwès.

Comments are closed.