Pwatik: Se younn nan mèyè strateji ki neglije nan sistèm edikasyon Nòdwès la

0 411

Triboland.com 01-26-2019

“Zewo”? Yon zewo! Kòman m fè gen zewo? Mwen fè devwa mwen e mwen reponn tout kesyon yo? Se tout jan de kesyon sa yo dòdinè profesè yo konn tande lè elèv yo ap kriye pou move nòt ke yo fè ak lè yo pa reyisi. Etrè souvan elèv sa yo konn inyore konsèy ou konsinn pwofesè a sou sa ki gen a wè ak “bat bèt la fò” ou byen pran bonjan nòt e revise yo byen. Ki donk anrevanj, lè tout protokòl sa yo pa respèkte, se fayit oubyen echèk total kapital. Jeneralman gen anpil etidyan ki onèt lè yo deklare yo fè tout sa ke klas la oubyen silabus la ezije e yo echwe kanmèm.

Malerezman anpil etidyan pa konpwann gen yon gwodiferans ant fè yon devwa ak aprann se de bagay ki konplètman diferan. Egzanp, yon elèv kap kopye yon lis mo vokabilè ki trè avanse; finalman apwè yon kèlke minit elèv la fini, li pa gen lis vokabilè mo li kopye yo devan l e li nan enposiblite pou li menm sonje yon sèl mo nan lis la. Ki donk, gen yo pwoblèm teknik onivo fason li etidye ki poze e menm melanje ak teknik oubyen abilite pou revize ak pwatike.

Devwa yon pwofesè se fasilite ou stimile koneksyon mantal ak emosyonèl elèv la; ede li konpwann ke pwosesis apwantisaj la mande anpil atansyon nan jan yo ap apwann e kòman yo kapab apwann jouskaske yo arive metrize avèk siksè yon konsèp oubyen yon abilite atravè yon enstriksyon akademik. Fè yon devwa ou byen sinpleman disète tankou jako pa sifi ditou! E mèyè fason poufè koneksyon sa a, se atravè yon pwosesis pwatik e jouskaske ou metrize konsèpla je fèmen!

Pwatik se yon revision sistematik e resite yon konesans jouskaske ou metrize materyèl la. E pwosesis pratike sa a dwe yon bagay san rete pandan tout kou a oubyen leson an. Se pi gwo krim yon pwofesè ka fè, se lè li prèske rive nan egzamen yo pwal fè revision. Katastwòf total capital! Remake, pandan dispansasyon kou a pat janm gen revizyon; apwè dispansasyon kou a pa janm gen pwatik; e li pwan responsab etablisman skolè sa yo prèske twa mwa apwè pou revise yon pakèt “tchaka bouraj de crane” nan yon anbyans plon gaye, san strateji sistematik ou abilite pou byen etidye e byen prepare egzamen. Konsekans, elèv la pèdi e li fè echèk! Li pat jamè jwenn posiblite pou fil koneksyon mantal yo ak emosyonèl yo te byen pwograme e òganize sistematikman. konpwann byen, lè elèv la pwatike, li develop plis konfidans nan pwosesis repetisyon materyèl la.

Si yon pwofesè vle wè siksè nan yon klas oubyen nan fason li delivwe yon entriksyon pedagojik, fòk li konsidere e mete apa yon tan ki konsakre pou pwatik pwèske chak jou Bondye mete. Revisyon se pa yon bagay ou ka fòse elèv fè prèske avan yon egzamen. Li dwe yon bagay kotidyen ki fè pati entegral de yon leson nan yon klas. Lè pwofesè a asèpte kreye opòtinite pou klas la revise apepwè kenz minit chakjou , finalman elèv la ap kapab itilize bank memwa li fasilman, e anmezi pou li konstwi sous konesans li e pwan li anchaj. Konsa, chif negatif sou efikasite edikasyon Nòdwès la ap disparèt e elèv yo ap kapab metrize e menm aplike avèk siksè sa yo apwann nan vi pwatik yo.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply