Office de la Protection du Citoyen (OPC) kondane ak tout fòs li ensandi sant sante GHESKIO la

355

Pòtopwens____(TRiboLAND) Office de la protection du Citoyen di ke li choke e li kondane ak tout fòs li ensandi kriminèl ki fèt nan sant sante GHESKIO nan lanwit 7 jwen 2020 an, sou Bisantnè a.

Ofis la deplwore ke yon parèy zak malonèt rive nan moman ke peyi ap travèse anpil peri pesi e ke otorite sanitè yo ap fè bwas pou konbat kovid-19 la. Sant medikal GHESKIO, ki responsab swen sante yon bon latriye moun kap fè fas ak VIH/SIDA e koulya Kowonaviris, subi anpil gwo dega espesyàlman nan enstalasyon enèji elektrik li, dapwè yon kominike responsab OPC yo fè sòti Lendi, 8 jwen 2020.

A kote Laboratwa nasyonal, GHESKIO te inik dezyèm lokasyon ki te genyen yon kapasite pou asure depistaj kovid-19; yon sitiyasyon ki pral totalman afekte sèvis medikal yo. OPC mande degras bò kote popilasyon an, li fè apèl ak konpasyon, tolerans e kondane tout fòm stikmatizasyon kont tout moun ki manifeste sentòm kovid-19 la.

Pi lwen responsab GHESKIO mande otorite yo pou yo double vijilans e ranfòse dispozitif sekirite tout lopital, dispansè ou sant sante atravè peyi a.

Comments are closed.