Lise Louis Joseph Janvier nan Jan Rabèl: yon lekòl ki sou wout disparèt

516
0
Share:
TRiboLAND

Jan Rabèl, Ayiti ____€(TRiboLAND) Nan yon mwa, se pral ouvèti ane akademik 2025-2026 la, men nan komin Jan Rabèl, depatman Nòdwès, yon senaryo trajik ap tann plizyè santèn elèv ki dwe rantre nan Lise Louis Joseph Janvier. Estrikti lekòl la, ki ta sipoze sèvi kòm sant fòmasyon pou jenerasyon kap vini yo, tounen yon vye kay fann ak tòl ki pa twonpe ni solèy ni lapli.

Se nan kondisyon sa yo, san ban pou yo chita, san materyèl didaktik, nan yon anviwònman ki makònen ak lamizè, timoun yo oblije pral vin chèche moso pen lenstriksyon. Paran, pwofesè, ansanm ak moun nan kominote a, pa sispann leve vwa yo pou denonse sitiyasyon makawon sila, daprè yo, se yon “krim kont avni jèn yo”.

“Chak ane nou tande pale de Fon Nasyonal Edikasyon (FNE), yon latriye pwojè Leta ap anonse, men nan Jan Rabèl, anyen pa chanje, menm nan rèv moun pa arive wè FNE. Se sèlman pawòl ak fo pwomès ki ateri.. Elèv nou yo ap etidye nan kondisyon ki imilyan,” se sa yon pwofesè nan lise a deklare ak endiyasyon.

Kondisyon sa yo pa sèlman mete lavi timoun yo an danje, men yo kraze motivasyon, yo koupe rèv, epi yo louvri pòt pou plis dezespwa nan mitan popilasyon an. “Ki avni kap tann timoun sa yo, si menm dwa pou yo aprann nan yon espas ki konvenab yo pa genyen?”

Nan moman kote peyi a ap fè fas ak kriz politik, ekonomik e sosyal, kesyon edikasyon an ta dwe yon priyorite pou Leta. Paske se nan lekòl, se nan klas ki chaje ak disiplin ak konesans, avni yon sosyete jwenn baz li. Men nan Nòdwès, timoun yo ap antre lekòl tankou nan yon depo kraze, yon sitiyasyon ki plis sanble ak yon “abandòn” total.

Otorite yo, ni nan nivo depatmantal ak santral, rete san bay repons devan apèl popilasyon an. Pandanstan sa, dyaspora a ap kontinye kontribye, men lajan ki sipoze sèvi pou devlopman sistèm edikatif la disparèt nan fènwa nan men atoufè ak sangwen.

Share:

Leave a reply