Bandi sangwen tire 2 moun nan katye “Sou Kanal” nan Pòdpè

295

10\25\20

Pòtpè_____Yon altèkasyon pete maten samdi 24 oktòb 2020 an ant plizyè nèg ak zam ki tap tire “Sou Kanal” yon katye popilè nan vil Pòdpè; 2 moun blese anba katouch, pami yo ou jwen yon ti inosan fiyèt 11 lane.

Rochemerline Titus, 11 lane

Katchouboumbe a te eklate vè 11 è nan maten, kote ke plizyè sankwen te deside kreye pètibasyon ak fè zam chante sou yon katye ki konplètman eksesiv an popilasyon. Moun ki pa abitye ak jan sitiyasyon sa yo, ta panse a montaj yon film cowboy! Eleman sibvèsif yo okazyone 2 moun viktim, pami yo ou jwen Titus Rochemerline, ki resevwa yon bal nan pye dwat li alòske li tap sot chèche dlo pou manman l, daprè Immacula ki se manman Rochemerline ki te enkonsolab nan sal dijans lopital Immakile Konsepsyon nan Pòdpè.

Li enpòtan pou sinyale zak sangwen ou aktivite gang kòmanse ap fè santi’l seryezman nan depatman Nòdwès la notamman sou zile Latòti, Sen Lwi Dinò ak Pòdpè. Konsa, sa esplike ke Nòdwès trè vilnerab e li sanble li deja enfekte ak gansterizasyon; e si otorite yo pa redefini ak ranfòse plan sekirite ak yon seveyans drastik pou matrake depi avan sangwen kap menen lòt sangwen ki soti lòt kote pou komèt zak briganday, depatman Kapwa Lamò ap fini pa sukonbe anba yon krèy selul gang ame.

Sèl mwayen pou arive eradike gansterizasyon se avèk “zewo tolerans”!

Edner Bossan, vil Pòdpè

Comments are closed.