Lapolis nan Latibonit mare tankou krab twa endividi ki ta fè pati baz Gran Grif nan Savien

984

01-19-2023

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis nan Latibonit mare tankou krab jounen mèkredi 18 janvye 2023 a, twa prezime bandi nan Ti Rivyè Latibonit.

Endividi say o ki idantifye sou non: Spencer Vigile, Normal Joseph ak Asnel Simon, te gen nan men yo, yon fizi daso M4, yon pistolè ak yon kantite minisyon kalib 5.56.

Daprè enfòmasyon sèvis rensèyman depatmantal Latibonit lan, atoufè machan lanmò yo ta sanble gen lyen ak gang Gran Grif ki bati katye jenerel yo nan zòn Savien.

Comments are closed.