Philippe Bien-Aimé re-eli kòm majistra North Miami nan nivo eleksyon lokal 11 me 2021 yo

455

05/12/2021

North Miami______(TRiboLAND) Vil North Miami nan Florid, re-eli madi 11 me 2021 an, Philippe Bien-Aimé ki orijinè Ayiti kòm majistra vil sa a ki genyen plis pase 65 mil abitan.

Selon rezilta patyèl yo, Philippe Bien-Aimé ranpòte yon 2èm manda pou 2 zan selon kominike pasyèl depatman eleksyon conte Maiami-Dade. Philippe bat Michael Etienne, yon lòt konpatiyòt ayisyen ki te anfas li.

Philippe ki se yon ansyen “jounalis” ak yon “vandè machin”, te eli konseye municipal nan lane 2013, e li te eli pou pwemye fwa kòm majistra pou 2 zan.

Depatman eleksyon Miami-Dade endike 16% nan 34 000 elektè vil la te vote nan eleksyon lokal 11 me 2021 yo.

Comments are closed.