Pou pi piti 7 moun mouri nan yon fiziyàd nan peyi Larusi, otorite lokal yo deklare se zàk teworis

198
0
Share:
TRiboLAND

05/11/2021

Moskou________(TRiboLAND) Yon gwo fiziyad fèt nan yon lekòl Rus nan vil Kazan maten jodi madi 11 me 2021 an, daprè Rustam Minnikhanov ki se alatèt repiblik Tatastan lan. Sis elèv lekòl ak yon pwofesè jwen lanmò yo ak 16 lòt  blese.

Toujou daprè Minnikhanov, otorite yo arive mete men sou asasen an ki se yon tèworis ki genyen 19 lane sèlman.

Medya eta rus yo avan te fè eta de 2 bandi ame, kote ke youn ladan yo ki te nan katriyèm etaj lekòl la avan ke fòs sekirite yo te vide’l atè.

Materyèl video kap sikile sou rezo sosyàl yo montre etidyan kap vòltije nan fenèt twazyèm etaj lek`ol la yon fason pou yo chape poul yo anba kout zàm. Genyen 2 timoun ki mouri pandan yo tap tante vole nan fenèt, dapwè sa ajans nouvèl RIA rapòte.

Fiziyàd nan lekòl pa fèt souvan nan peyi Larusi. Sepandan, nan lane 2004 yo te anrejistre yon atak nan yon lekòl nan Beslan nan zòn Nò Kokasus, pou pi piti te genyen plis pase 330 ki te jwen lanmò yo; sa se te travay separatis islamis yo.  Nan lane 2014, yon pre-adolsan nan Moskou fizye yon pwofesè ak yon ofisye polis e kenbe plis pase 20 elèv an notaj.

Share:

Leave a reply