Etidyan inivèsitè ayisyen yo pràl definitivman benefisye yon viza

317

05/09/2021

Nan yon kominike ke li fè sòti, anbasàd Dayiti nan repiblik Dominikèn salye tout etidyan inivèsitè ayisyen ki sou tè panyòl la e li fè yo konnen ke rekèt ke yo te fè a apwouve anba sinyati otorite dominikèn yo nan kàd yon antant ant 2 leta yo ki asèpte mete sou ray yon modalite espesyàl pou regilarize estati etidyan yo nan nivo migrasyon.

Konsa, apati demen lendi 10 me pou rive 14 me 2021 an, livrezon viza chak semèn ap pran chè e y’ap repati swa 100 nan nivo anbasàd la e 150 nan nivo konsul jeneral Dayiti a ki nan Santiago.

Comments are closed.