Nòdwès / Pòdepè – Yon Jounalis Viktim Menas Mòtèl nan Egzèsis Fonksyon li

Majuste Myrlantha, yon jounalis ki ap egzèse nan rejyon Nòdwès, rapòte li sibi menas de mò nan men yon ajan BSAP pandan li t ap fè travay li kòm moun laprès.
Dapre deklarasyon jounalis la, menas yo fèt sou rezo sosyal Facebook, kote ajan an ta adrese mesaj klè ki vize l dirèkteman. Menas sa yo rive apre yon enfòmasyon ke Myrlantha te pibliye sou sitiyasyon lokal la.
Jounalis la di li konsidere zak sa yo kòm yon atak dirèk kont libète laprès ak dwa pou enfòme popilasyon an. Li fè konnen li deja pran dispozisyon pou mete menas sa yo devan otorite konpetan yo, nan lide pou jwenn jistis e garanti sekirite pèsonèl li.
Nan yon klima kote laprès deja ap fè fas ak anpil difikilte pou fonksyone lib, dosye sa a vin mete aksan ankò sou nesesite pou Leta pran mezi serye pou pwoteje jounalis yo, espesyalman nan pwovens yo kote yo plis ekspoze ak menas ak presyon.
Plizyè obsèvatè nan sosyete sivil lanse apèl bay responsab yo pou yo asire sekirite Majuste Myrlantha epi mete fen nan menas ak entimidasyon kont moun kap fè travay enfòmasyon nan peyi a.
Lesly Romond
Journaliste






