Matias Dantor: komedyen ayisyen resevwa plizyè kout kouto nan Repiblik Dominikènn

0 398

Matias Dantor ke anpil moun konsidere kòm yon komedyen ayisyen angaje, resevwa divès kout kouto anba men yon dominiken ki pa idantifyab nan Repiblik Dominikènn.

Se sa Rigolo ki se pwezantatè emisyon “Pi lwen ke zye” anonse Mèkredi 8 Avwil 2020 ke atis la pa gaya, lap pran move lanm e ospitalize nan panyòl akoz blesu yo ki nesesite yon entèvansyon chirijikal rapid ki kapab fè vi l pa andanje.

Malgre eta deplorab li, atis la raple pèp ayisyen pou pran kowonaviris la osrye nan yon videyo.

Leave A Reply