Otorite kibèn rapatriye plis pase 480 migran ayisyen nan Pòtopwens

1,865

10/10/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Otorite kibèn yo rapatriye yè samdi 9 oktòb 2021 an plizyè santèn migran ayisyen ki te echwe nan peyi Kiba nan moman yo tap kandale desann pou antre nan peyi Etazini.

Migran sa yo ki pat jwen move tretman bò kote responsab otorite imigrasyon yo nan Kiba, te jwen asistans nesesè apwè vwalye yo te ladan l lan te loveye al echwe nan zòn kotyè Nò peyi panyòl la. Dapwè yon seri sous medyatik nan Kiba, migran sa yo avan rapatriman yo te trete avèk dinyite e resevwa tout sa ki nesesè selon jan pwotokòl entènasyonal sou imigrasyon yo rekòmande.

Rapatriye yo ki te genyen anpil fanm ansent ak ti nosan pami yo, te antre nan ràd Pòtopwens lan abò yon bato peyi kiba apwè bonjan aranjman, pawoli ak antant ant 2 peyi yo.

Comments are closed.