Anpil bèl bagay pase nan kò ou lè ou konsome jenjanm chak jou pandan yon mwa

686

05/09/2021

(TRiboLAND) Anpil moun panse ke se sèl legim ak fwi ki bon pou kò a; men eske ou konnen genyen anpil epis ki ofwi avantaj bab e moustach pou yon bon rejwisans sante. Lè ou konsome jenjanm chak jou pandan yon mwa, kò a benefisye anpil bèl bagay!

Jenjanm

Jenjanm se yon epis ki genyen yon gou trè pwononse; li trè savoure e li dispoze anpil bèl kalite. Jenjanm genyen jinjewòl, chogawòl, zengiberèn ak tou yon nich vitamin ak mineral. Se pa etonan ke epis jenjanm nan genyen yon istwà medikal ki reyèlman long. Sa genyen anpil syèk depi ke anpil kilti ap itilize jenjanm pou pran swen yon pakèt maladi. Ajoute ak sa, si ou manje jenjanm regilyèman, w’ap genyen yon kò ki pwòp e sen.

Genyen yon seri pwopwiyete nan jenjanm

Genyen yon seri pwopwiyete nan jenjanm, se bagay tèt chaje! Li genyen yon sibstans bioaktif ki ede redwi yon seri sentòm tankou vwomisman ou nose. Sibstans sa ede redwi atikilasyon doulè tou. Li genyen ladan li, chogawòl, yon sibstans ki genyen yon efè analjezik ki ede konbat kansè ak maladi kadyàk. Zenziberèn ki nan jenjanm patikilyèman, li bon pou dijesyon. Sa ki pi rèd la, jenjanm genyen yon efè anti-dyabèt e fasilite bonjan fonksyonnman serebwàl ak sistèm imunitè.

Pran jenjanm chak jou

Konsidere manje jenjanm chak jou pandan yon mwa; konsa,  w’ap kapab viv yon seri bon bagay ke li genyen ladan li. Koupe yon timòso ki ka nan 1,5 cm anviwon; tikal pa tikal melanje li avèk smoothie (krèm ou ji blende), te oubyen nan yon bèl plat manje ayisyen.

Me efè manje jenjanm ka pwodwi nan kò ou:

Anti-anflamatwà: jenjanm dezanfle kò moun pi rapid. Se gras ak efè anti-anflamatwà a mirak sa arive fèt.

Doulè miskilè: si ou santi doulè tanzantan nan kò ou, sitou lè ou genyen peryòd mansyèl, manje jenjanm chak jou e la redwi tanzantan doulè nan zo a.

Elimine vwomisman ou anvi vwomi: eske you toujou anvi vwomi chak maten? Ah, manje yon ti jenjanm chak jou e pi w’ap banm nouvèl. Manje jenjanm nan chak jou ase pou elimine rapid anvi vwomi ou vwomisman. Se yon konsèy ki pi bon pou fanm ansent yo ak moun ki nan kimoterapi. Gade ki rezilta jenjanm nan lè fanm yo pran’l apwè akouchman!

Doulè mansyèl: epis la tankou yon medikaman, lè ou manje li nan moman ou genyen peryòd ou, li reyèlman fè doulè abdominal yo vole gagè.

Li ede nan defekasyon: manje jenjanm chak jou, ede entesten moun travay pi byen, sitou si ou se yon moun ki gen pwoblèm konstipasyon.

Li ranfòse sistèm imunitè: pwopwiyete anti-anflamatwà ki nan jenjanm nan ranfòse sistèm imunitè kò a. Si ou genyen rum oubyen yon viris kap trakase’w, manje jenjanm kapab ede’w rekupere san tèt chaje.

Redwi Kolestewòl: manje jenjanm chak jou pandan yon mwa, ou oblije wè move kolestewòl ki nan kò a desann. Sibstans ki nan jenjanm nan desann kantite trigliserid ki nan san an.

Degaje nou, nou se pitit tè Dayiti! Plante, konsome e menm vann jenjanm ki se yon epis lokal ki kapab mete sistèm defans nou djanm fas ak yon seri maladi initil!

Comments are closed.