Me ki sa ki arive jwen TRiboLAND e ki gen pou wè avèk zak abitrè polisye bandi nan Miragwàn

394

05/08/2021

Nan yon nòt ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND e ki pote sinyati asesè KASEK Wesly Léandre,  biwo Konsèy Administrasyon kominal 2èm Plèn nan Ti Gwàv drese yon bilan malmakak ki gen pou wè avèk ki kantite dega fòs polis depatman Nip yo fè sou popilasyon an nan dàt 29 avwil 2021 an; dega ke yon jij depè ofisyèlman konstate ou dokimante. Dapwè otorite kominal yo:

  1. Lapolis itilize bal reyèl ak grenad lakrimojèn nan direksyon popilasyon an ki tap manifeste kont kidnapping KASEK Wilking Dicette.
  2. Arestasyon yon makòn jèn gason ki te devan lakay yo.
  3. Yo ouvè zàm sou yon pakèt kay alòske enpak bal yo figire nan muray kay yo.
  4. Polisye yo mete dife nan 3 moto siklèt e andomaje anba kout manchèt plizyè lòt.
  5. Yo andomaje egalman yon kantite machin ki te nan lakou lakay mèt machin yo.
  6. Mavens, se yon ti inosan 7 lane ki viktim de yon bal lapolis nan kuis li.
  7. Ajan PNH yo mete dife nan plis pase 30 treto timachann nan plizyè lokalite tankou: Lamadlèn, Bazil, Mache Mango ak Kipèlye e rache mete atè 2 bèf, yon kochon, ak 2 kabwit.
  8. Kèk nan polisye yo arive antre, kraze vèsèl kwizin yon seri habitan e menm jete manje yo ki te sou recho.

Comments are closed.