17 milyon pou PNH enstore lapè nan katye gwoup ame yo

362

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan objektif pou bay jarèt, krese sere ak mwayen ekonomik pou PNH la delivwe pi bon sèvis, Bureau Intégré des Nations Unis en Haiti (BINUH) bat bwavo nan rapò li pou travay Commission Nationale de Désarmement et de Réinsertion (CNDDR) ap fè pou batay kont pwoliferasyon zam anndan peyi a.

Konsa, BINUH rete kwè ke CNDDR se youn pami antite ki fè pwèv yon strikti estratejik nan kad batay kont vyolans kap taye banda nan diferan katye gwoup gang ame yo. Anplis, pou BINUH, PNH la ki se inik fòs sekirite peyi Dayiti toujou ap pran gagann ak difikilte finasyè akoz yon bidjè anemic ki la depi 2017.

Nan sans sa, Banque Interaméricaine de Développement (BID) konte finanse yon pwojè pou yon bagatèl 40 milyon dola ki gen pou objektif blayi “lapè” nan katye gwoup ame yo. Sepandan, pwemye tranch dekesman an pwàl 17 milyon dola ki pwàl bay PNH la jarèt pou reyalizasyon yon parèy pwojè.

Comments are closed.