Zile Latòti: Responsab yo Nan Kolèj Sen Miguel fete fèt “Premye Me” an gran jan

05/02/2021
Zile Latòti_______(TRiboLAND) Nan rankont avèk Frè Lanès nan okazyon “Pwemye Me” a sou zile Latòti a, TRiboLAND arive konpran volonte pou retounen ak ansyen pwatik, koulè, bèlte e anbyans yon parèy okazyon te toujou ofri nan kad valorize travay ak pwodiksyon lokal yo.
Selon Frè Lanès, ki se yon pèsonaj respektab e direktè Kolèj Sen Miguel ki genyen yon renome nasyonal ak entènasyonal nan nivo reyisit akademik; fèt agwikilti ak travay bay elèv yo opòtunite pou kreye yon seri selil refleksyon atravè yon tematik kap ede yo konpran wòl vital agwikilti ak travay nan divès sosyete.
Group fondamantal, twazyèm Sik ak NS1 pou rive nan NS4, yo tout te regwoupe an diferan selil refleksyon nan yon anbyans deba, divètisman, muzik, manje kiltirèl, ekspozisyon pwodwi agro-transfòme e atizanal, te reyèlman make tout yon joune gete ak sansibilizasyon pou konsome pwodwi òganik e lokal.

Frè Lanès rabat pou li rapòte TRiboLAND, ke se tout kouch kominotè (pwotestan, advantis ak latriye) ki pwofite fè yon sèl tèt kole pou bay yon sans ki trè sinifikatif ak yon parèy selebwasyon “Pwemye Me” ki genyen plizyè ane ki te disparèt nan kilti yo.
Frè Lanès rete kwè ke kilti lakay ekstrèmeman rich; mèyè fason pou nou ede’l rete djanm fas ak yon seri lòt kilti se ede timoun yo konpran ki kote nou soti kòm pèp, ki sa nou repwezante e fè devan fas imanite ak fason nou idantifye e valorize sa nou ye kòm moun.
Manje nan yon parèy anbyans te ofri a gogo; anpil patisipan kit e soti nan diferan zòn avwazinant te satisfè e swete jwen lòt ane manje zansèt nou yo tankou: dekale, mousa, boukousou, doukounou, pitimi, tchaka, chou palmis, kachiman, sapoti, kayimit, grenadine siwàl, topimanbo, kowòs, roukou, grenad, ak kwokwo; yon seri manje ki te trè nutritif alepòk esklavajis e koulya ki ap disparèt.
Ychmuth Corneille






