Nòt deprès meri Akayè

3,019

05/03/2022

Akayè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt papye tenbre ki identify sou numero 0012 ki pote paraf meri Akayè a jounen 2 me 2022 a, administrasyon an mande tout sitwayèn ak sitwayen kap afème kay, kap bay moun fè ladesann, li se yon egzijans pou yo pase nan mèri a pou ranpli yon fòmilè gratis sou idantite moun sila yo,yon mannyè pou rive kenbe site drapo a nan lapè ak nan sekirite.

mèri a deklare, seri mezi sa yo pran nan moman fenomèn ensekirite a sèl kòk chante nan tout peyi a,e ki bay nesans ak yon migrasyon entèn ke peyi Dayiti pat janm konnen.

Nan sans sa a, yon moun ki pa respekte nòt sa a, dapwè administrasyon meri Akayè a, pral tonbe anba gwo sanksyon la Lwa.



Comments are closed.