Ba Nòdwès: Lansman Kanpay Mobilizasyon ak Eradikasyon Maladi Gratèl la

0 399

Jan Rabèl___(TRiboLAND) Jan sa te pwevwa, Mèkredi ki te 5 Fevwiye 2020 an, yon gwo onmble fèt nan komin Jan Rabèl sou inisyativ Jan Rabèl Pèspektiv 2030 nan tèt kole avèk SOSPEALS an Aksyon.

De gwo kòkenn chenn òganizasyon sa yo ki twouve yo nan kominn Ba Nòdwès kap feraye nan domènn Lasante e ki mande depi 2 lanne konkou ou asistans Ministè Lasante ak yon maladi gratèl ki pa sispann taye banda nan kominote Jan Rabèl la. Òganizasyon sa yo ki di ke yo sezi wè ke ministè a pa jamè fè yo repons, ap mande pou bwat leta sa pran responsablite yo paske “Chemen bouton se chemen maleng.”

Yon gwoup jènn nan Jan Rabèl mobilize nan kad aktivite sansibilizasyon kont maladi gratèl la


Jean Rabel Pèspektiv 2030 ansanm ak SOSPEALS an Aksyon ki fè sante chwal batay yo, lanse jounen ayè Mèkredi a, lanse yon KANPAY MOBILIZASYON pou rive rele koukouwouj dèyè epidemi gratèl kat pa kat la kap vale teren nan Kominn Jan Rabèl depi 2 lanne anba grenn je otorite yo nan peyi Dayiti. Kidonk, yo pa janm fè okenn entèvansyon malgre apèl agonizan popilasyon viktim nan.

Kowòdonatris Jan Rabèl Pèspektiv 203O lan ki se yon enfimyè diplome, Paulène Jean Gilles, fè konnen aktivite yo deja demare nan Jean Rabèl ak tout 7 lòt Seksyon kominal li yo atravè klinik mobil depi jounen Jedi 6 fevwiye 2020 sa. Mis Jean Gilles ki deja sou 2èm klinik mobil li kont maladi sila a e ki rete kwè entèvansyon li yo bò kote popilasyon viktim nan pap pote gran kichòy tout otan Ministè Lasante pa depeche sanpèditan bonjan ekspè nan domènn nan ki pou vinn analize, etidye ansuit detekte rezon ki alabaz maladi gratèl sa a ki achte Rejyon Ba Nòdwès yo, notàmman kominn Jan Rabèl lajan kontan. Konsa, pwiz anchaj pou solisyone mizè rere gratèl nan popilasyon an ap kapab vinn tounen yon reyalite.

Bò kote pa li, Sekretè Jeneral Jan Rabèl Pèspektiv 2030, Agwonòm Josué Matil ansanm ak Agwonòm Bélony Makenson ki akonpanye lòt jènn nan kominote a nan kad lansman MOBILIZASYON sila a, pat kache foustrasyon yo douvan epidemi gratèl saa ki mete popilasyon Jan Rabèl la ajenou. Sitwayen sa yo mande vit e pwese pou responsab sante yo nan peyi Dayiti aji san gade dèyè paske daprè sa yo di gen moun nan Ba Nòdwès kap moute ma swife chak jou ak maladi a pwefere pran wout bòkò akoz swen sante ki pa egziste nan rejyon an.

Pou fini, responsab òanizasyon Jan Rabèl Pèspektiv 2030 ansanm ak SOSPEALS an Aksyon deklare ke se tout peyi Dayiti ki kontamine ak machacha gratèl la san konte enfesyon vajinal lakay medam yo ki se rezilta konsomasyon vye dlo anndan popilasyon yo. Konsa, alèt wouj pa sispann al jwenn Ministè Sante Piblik a ki inyore ki kantite dega gratèl kat pa kat la ap fè nan Ba Nòdwès e ki pa konprann tou ke: ” CHIMEN BOUTON SE CHIMEN MALENG, e PITA KAPAB PI TRIS!”

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply