Pòdpè / Edikasyon : Jean Louis Hertmanshenn se loreya depatmantal nan egzamen Bak inik 2022 a

2,262

08-29-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Louis Hartmanshenn 19 lane, yon natif natal Pòdpè, elèv Collège Notre-Dame de Lourdes klase kòm loreya nan egazamen Bak inik pou ane akademik 2021-2022 a

Hartmanshenn, ki fè fyète depatman Nòdwès la, te reyisi yon eksplwa ke li te toujou swete. Avèk yon total 1571 sou 1900 pwen nan egzamen Bak inik pou ane akademik 2021-2022 a.

Minis Edikasyon an, Nesmy Manigat, Direksyon Lekòl la, fanmiy ak zanmi Hartmanshenn bat bwavo pou li pou gwo eksplwa sa. Bò kote pa-l, li remèsye anseyan li yo ak fanmiy li pou sipò yo pandan tout edikasyon klasik li.

Jean Louis Hertmanshenn swete rapouswiv etid li nan Syans Enfomatik ak Jeni Elektwomekanik, men li pa swete antre Pòtoprens pou kontinye etidye akoz konjonkti a. “Mwen pa pare pou mwen kontinye etid mwen Pòtoprens nan moman sa; li pa avantaje pou yon elèv tankou-m rantre nan kapital la, se trè danje”!

Loreya Depatmantal la trè ouvè pou tout èd ki ka ede-l jwenn yon bous pou pèmèt li al etidye sa li swete etidye yo.

Comments are closed.