Oh Jezi, yon lòt kadav inosan ankò sou rejim PHTK a!

497

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Lap benyen nan san li avèk 2 bal nan tèt, se kri moun ki te rekonèt Ti Blan Tatou, militan Champs Mars ke bandi sangwen ki ta sanble danse kole ak pouvwa PHTK a egzekite apwèmidi a jodi dimanch 2 me 2021 an, selon sa kèk sous ki te nan perimèt krim nan ta rapòte.

Dapwè revelasyon anonim, bandi sangwen yo fin egzekite sitwayen an e yo ouvè men li e yo depoze 500 goud ayisyen nan pla men li. Yon lòt krim ki segonde yon lòt nan yon espas 15 minit. Antouka, kadav sou kasav chak 15 minit; nan yon espas 24èd tan deja genyen plis pase yon demi douzèn moun ki asasine nan Pòtopwens; yon chif ki pa fòseman ofisyèl.

Enel Richards

Comments are closed.