Bandi Savyen yo touye epi kidnape plizyè moun nan komin Lyankou.

07 – 07 – 2024
Lyankou, Ayiti__(TRiboLAND) Gang Savyen yo pou yon lòt fwa ankò atake e mete dlo nan je popilasyon Lyankou a jounen dimanch 07 jiyè 2024 la.

Pou pi piti gang sangwen yo touye yon sitwayen ki pote non Yoso ensikoni, san konte plizyè lòt moun yo kidnape jounen dimanch 7 jiyè 2024 la, nan komin Lyankou patikilyèman nan zòn Kastra.
Sansal yo ki fè pati Kowalisyon gang “Viv Ansanm” yo pa deside depoze zam, yo anonse sèmen k’ap vini la a plizyè batiman pral pase anba flanm dife.
Fas ak konpòtman kriminèl gang sangwen yo, popilasyon an sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, atravè yon manif ke Lyankou pap peri e yo pap kite komin nan pou gwo koure yo e fòk kidnapping nan kaba.