Guerby Geffrard, delege SPNH 17 krible e mouri anba bàl nèg ame yo pa arive idantifye

Pòtopwens_________(TRiboLAND) Yon lòt krim krapule e san dout ki pat genyen oken difikilte pou popilasyon ayisyèn nan idantifye sèktè ki responsab la. Guerby Geffrard, delege SPNH 17 la jwen lanmò li nan aswè samdi premye me 2021 an.
Delege SPNH 17 ki te genyen yon “Avi pote vini” dèyè’l 23 mas dènye, sou pwetèks li se yon manm Fantom 509. Yo repwoche Geffrard dèske li te nan danse kole ak yon parèy groupman polisye zonbi ki konnen mete kapital la tèt anba chak fwa yon pran lari pou pwoteste.
Delege SPNH 17 la te yon sendika aktif e ki te toujou sansib ak bezwen pwimè polisye yo, notamman liberasyon polisye ki fèmen nan pwizon Kwa Dèboukè a san konte rekiperasyon kadav 4 lòt polisye ki te jwen lanmò yo nan operasyon swisidè Village de Dieu a.
Nan dènye video pwen de pwès piblik li, Guerby Geffrard lonje dwàt sou Direktè defakto PNH la: Léon Charles, Minis Jistis Rockfeller Vincent, Wo Eta Majò PNH la, ak gouvènman PHTK a li di ki se pwensipal konplis nan operasyon Vilaj la.
Asasinay yon polisye sendikalis SPNH 17 nan yon kontèks kote ke nivo kriminalite yo rive nan apoje yo nan je nasyonal ak entènasyonal, pràl kreye anpil retonbe negatif sou sa ki ta sanble yon milyèm krim ki trò aklè!






