Yon operasyon fasilite Komisè gouvènman Gonaiv la deniche e pwosede ak arestasyon 3 pwezime kriminèl

408

05/01/2021

Gonaiv______(TRiboLAND) Nan yon operasyon Chèf pakè Gonaiv la, Mèt Serard Gasius fè nan tèt kole avèk Lapolis nan vandredi aprèmidi 30 avwil 2021 an nan youn nan seksyon kominal Enri yo; yon operasyon ki arive fasilite arestasyon 3 jèn gason.

Selon komisè Serard Gasius, yo tap chèche ti mesye sa yo tankou chyen fou. “Li te pran nou anpil jefò pou te arive deniche mesye sa yo akoz enpwatikabilite wout yo”, dapwè Gasius ki rejwi pou kout pwive a ki boske: Older Rosier, Doodly Laguerre, ak Richard Thélus ke yo akize ki enplike nan lanmò Saint-Jean Édouard ansanm avèk madanm li ki rele ismonde 27 avwil 2021 dènye. Dapwè komisè a, Richard Thélus ak Doodly Laguerre planifye krim nan  e yo te chaje  Older pou egzekite l.

Zak kriminèl yo pa sispan ak pran jarèt nan ba plato a. Nan mwens pase yon semèn, 2 koup mouche madanm arive asasine. “Nou vle pale egalman de Michaella Jean-Phlippe ak tout boubout li Osny Ulysse ki te jwen lanmò li nan lanwit samdi 24 pou rive 25 avwil 2021 nan Lestè. Selon komisè a, Romain ak Simon Jean-Philippe, ki se 2 frè Michaella ta 2 pwezime koupab nan yon parèy krim marasa.

Comments are closed.