Abitan vilaj Vètyè bloke antre Pak Endistriyèl Kodevi a

1,419

08-08-2022

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan kap viv nan lokalite vilaj Vètyè denonse responsab yo nan Pak Endistriyèl KODEVI mete ansanm avèk Leta Ayisyen ki genyen yon plan pou kraze kay yo nan zòn nan.


Nan kad elajisma pou pak endistriyèl la, KODEVI deside lwe 65 kawo tè nan men leta. Abitan yo di se byen konte mal kalkile paske yo pare tout kalite mwayen pou goumen avèk KODEVI. Yo sèmante sou vi yo, plan KODEVI genyen an pap ka egzekite. Yo menase pou menm mete dife si KODEVI kontinye ap pèsiste.

Abitan sila yo kritike otorite nan Wanament ki mare sosis yo ak patwon KODEVI a nan konplisite ak gouvènman vwayou a pou kraze kay anviwon 10 mil abitan nan zòn lan.

Nap siyale depi yè dimanch lan nan aswè, barikad ak kawotchou tap boule devan pòtay KODEVI, yon aksyon ki anpeche ouvriye pak la paka ale travay.

Jn Simon Manex

Comments are closed.