Elèv Lise Jak Roumen denonse absans pwofesè yo espas aprantisaj yo

472

04/28/2021

Pòtpwens_____(TRiboLAND) Plizyè dizèn etidyan Lise Jak Roumen Matisan ki lokalize nan zòn non dwa “Gran Ravin” baz pi gwo group gang nan peyi a, lonje dwàt jouda sou pwofesè ki pa fè ak prezans ditou nan espas aprantisaj yo alòske yo ap apwoche nan fen ane akademik la.

Manif lan te arive okipe antre sid kapital la byen bonè maten jodi mèkredi 28 jwen 2021. Latriye ak yon pakèt elèv sa yo tap foule beton pou egzije retou pwofesè yo nan kad pweparasyon egzamen ofisyèl yo.

Sak nan do an bandoulyè, kaye lekòl nan men, detèmine e aswafe pou moso edikasyon, elèv yo konte kontinye avèk aktivite pwotestasyon yo si responsab yo pa reponn ak revandikasyon yo ki se yon dwa fondamantal pou tout kretyen vivan.

Comments are closed.