Fondasyon TRiboLAND : jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon diven pou kominote eklezyastik komin Ench lan

606
0
Share:
TRiboLAND

Ench, Ayiti______(TRiboLAND) Toujou nan lide pou ede kominote eklezyastik la ekonmize magogo lajan nan lasentsèn, kòdination Fondasyon TRiboLAND nan komin Ench òganize yon seyans fòmasyon sou fabrikasyon diven wouj jodi samdi 26 avril 2025 lan.

Yo te plizyè makòn patisipan ki te enpoze prezans yo jodia nan lokal Mission Église Chrétinne de la Terre Promise de Hinche. Anba leadership pastè Odelens Lefort ansanm avèk konplisite Sr. Jeanine e Fr. Judelet, se te yon veritab rad mare byen bonè maten sila. Plis pase 92 patisipan tout kalite te soti nan diferan legliz avwazinant yo, nan kad mete konesans an tèt yo yon fason pou prepare pròp diven lasentsèn yo.

Anfen, se yon fòmasyon gratis, ki te plis akse sou kreyasyon diven wouj ki kapab fasilite legliz yo sispann depanse lajan legliz nan achte diven. Yon latriye pastè patisipan tankou: Pastè Dumanès, Exantus, Timo, Sergo e latriye pat kache eksprime gratitid yo anvè staff solid Fondasyon TRiboLAND lan, ki tap fasilite pwosesis aprantisaj la ki te chita sou diven mayi ak bètràv.

Share:

Leave a reply