Ajan DCPJ ak BLTS fouke Isaac Junior Salvant ak 132 236 dola blan meriken

07-10-2022
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan DCPJ yo ansanm avèk konplisite BLTS sezi jounen samdi 9 jiyè 2022 a 132 236 dola vèt nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan men yon poulen ki rele Isaac Junior Salvant.
Selon yon nòt ki soti bò kote PNH, Isaac junior Salvant ki genyen 29 lane genyen posesyon yon parèy magogo lajan. Otorite ayewopòtyè yo fouke koupab la nan moman li tap tante kite peyi Dayiti pou antre New-York e li tap genyen pou li transit nan ayewopò Fort-Lauderdale abò yon vol JetBlue 2929.
Se konsa, seksyon “BAFE” nan DCPJ deja atrap dosye a pou swit nesesè ou legal.






