Delegasyon Depatman Nòdwès la dekrete jodi 16 jwyè 2021 an kòm “Jounen Komemorasyon ak Dèy” pou pwezidan defakto Jovenel Moise

559

07/16/2021

Pòdpè_______(TRiboLAND) Nan yon nòt pou lapwès ak popilasyon an ki pote sinyati Wesly Dordoille, ke li mete deyò, Delegasyon Depatman Nòdwès la, dekrete jounen vandredi 16 jwiyè 2021 an, kòm yon jounen komemorasyon, dèy ak omaj pou memwà pwezidan defakto repiblik la, Jovenel Moise ki te mouri asasinen Lachman lakay li 7 jwiyè dènye, nan Pèleren 5.

Nan sans sa, otorite depatmantal yo deside fè jounen sa yon evènman ki genyen yon katafal enpòtans. Poutèt sa, sèvis piblik yo, sèvis pwive yo, enstitisyon edikasyonèl yo, enstitisyon pwofesyonèl yo, e sèktè endistriyèl la ap chome.

Nap raple, popilasyon pòdpè a pwevwa kandale desann sou Boulva Twà Rivyè (Youn pami reyalizasyon Jovenel Moise yo nan Nòdwès) a atravè yon mach “Ce n’est qu’un au revoir”.

Comments are closed.