Kòdonatè depatmantal (BIM) lan Doktè Broutros Joseph Carly, mande gouvenman an plas la debloke wout Sid lan pou moun Grandans ka rantre nan Potopwens.

292
2
Share:
TRiboLAND

01 – 03 – 2025

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Doktè Boutros Joseph Carly, jènn antreprenè, kòdonatè depatmantal Brigad Entèvansyon Medikal (BIM) mande gouvènman konpòte li an chèf mandan lap fè tout sa ki nan pouvwa li pou debloke wout ki relye depatman Grandans lan ak Pòtopwens.

Selon sa Dr. Carly deklare nan mikro TRiboLAND, yo menm jènn pwofesyonèl, medsen ki envesti anpil nan tan yo ak lajan yo nan Grandans, santi yo pa kapab ankò; sitou ak pwoblèm ensekirite jeneralize a, ki afekte yo jouk nan mwèl yo.

Konsa, nan non jènn pwofesyonèl yo nan Grandans, nou mande gouvenman an plas la, degaje l kou mèt Jan Jak, libere wout Sid la yon fason pou tout moun Grandans, ka al vake nan okipasyon san kè sote nan Potopwens.

Share:

2 comments

Leave a reply