Lachenn: Tyfonn Lekima ap baleye Shangahi: yon milyon moun evakye e 18 moun mouri

0 542

SHANGHAI__(TRiboLAND) Otorite lokal yo nan Shanghai evakye plis pase yon milyon moun e anrejistre 18 moun ki mouri san konte 14 lòt ki ta disparèt nan eboulman tèren pandan ke Tyfonn (siklònn) Lekima kontinye ap sakaje tout lanvè landwat Lachenn.

Yon santènn sèvis ferye ak tren ta kanpe akoz tyfonn nan ki kontinye ap layite kò-l nan zònn kotyè Sid Shanghai ayè Samdi-a byen bonè devanjou. Anplis, otorite èpòt yo oblije kannsèl 3,000 vòl.

Siklònn nan ki te depi kòmansman semen nan te plase nan kategori “Supè tyfonn” te venn pedi jarèt menm avan ke li te ateri nan pwovens Zhejiang nan Ès peyi Lachenn. Lekima ki genyen yon mache pwese gason pa kanpe ak yon vitès 116 km mete plat atè plis pase 200 rezidans e andomaje yon lòt 3, 200.

Selon sèvis medya rapòtè Lachenn yo, Lekima ta responsab blackawout pou plis pase 2.7 milyon kay apwè ke li rache mete atè yon pakèt fil elektrik. Koulya, mache pwese siklònn Lekima desann tou piti pandan ke li kontinye ap pwan direksyon zònn solèy leve atravè pwovens Zhejiang e yo estime ke li ka fwape Shanghai jous nan zo.

Leave A Reply