Pòdpè vyolans domestik : Lakoss Peyia, yon jounalis animatè, manke pèdi lavi li anba kout boutèy konfli familyàl

443
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon siyasyon alamant e kritik, responsab medikal yo nan lopital Imakile Konsepsyon resevwa jounalis Kervenson Joseph alyas Lakoss Peyia, nan lanwit vandredi 3 oktòb 2025 lan.

Pitit vil Pòdpè a, te rive antre nan espas ijans medikal Imakile a, gras ak yon chofè taxi moto. Li te nan yon eta dezagreyab, defigire ou mekonesab, tèlman figi li te kouvwi ak san. Tèt li mare an lanbo, li chita ap tann ki kote sekou li ap soti avèk anpil emosyon. Konsa, li pat pran anpil tan pou ti pèsonèl sante ki te sou pòs pou sware a, te dilijante rapido presto swen nesesè ke ka jounalis la te merite.

Premye vag enfòmasyon ki tap sikile yo, te vle fè kwè nan yon premye tan, ke Lakoss Peyia ta viktim yon agresyon ki genyen anpil pou wè avèk awogans, kwayans ou pozisyon visral politik li nan defann san gade dèyè majistra Josué Alusma kap grate santi depi 10 lane nan tèt minisipalite site Kapwa Lamò a. Sepandan, kèk ti tan aprè, sous medyatik yo ta pral konfime ke se yon katchouboumbe familyàl ki ta okazyone yon parèy zak.

Enfòmasyon yo rapouswib pou yo di, ke se ta manman fanm Lakoss ak tout yon bofis li ki tchake li ak kout boutèy nan mitan yo gro diskisyon ki pa rete ak diskisyon, daprè sa li ta lache bay yon jounalis lokal. Plizyè konfrè jounalis pat pran tan pou te pote boure nan lopital Imakile Konsepsyon nan kad sipò moral ak solidarite avèk viktim nan.

Antouka, efò ak dilijans ekip medikal yo te trè remakab. Plizyè sous ta endike, entèvansyon medikal yo te adekwàt e te efektye san pèdi tan, nan sa ki genyen pou sove lavi yon jounalis animatè tout plim tout plimay ki te nan yon eta deplorab. Ke Lakoss Peyia repran fòs li fas ak yon parèy dram, e ke entèvansyon medikal yo kontinye bay rezilta ki jwe anfavè sante jounalis ou animatè Radio Tele Fòmidab Entènasyonal la,

Paralèlman, pou sa ki genyen pou wè avèk swit legal yo, ta sanble nad marinad; oken arestasyon pa devwale e rimè kap sikile bò kote zenyè pwofitè fas ak yon parèy deblozaj, bay anpil tèt vire.

Share:

Leave a reply