ETAZINI: 10 moun blese anba bal devan yon ba nan New Jersey

0 323

Trento (Triboland) Plis pase 10 moun ta blese devan yon bar douvanjou maten-an nan New Jersey, Eta Zini. Sa se rezil yon akwochaj ki te deklenche maten an vè 12:25 am (lè local) sou aveni Brunswick la nan vil Trenton, selon rapòtèTriboland.

Konsa, Kaptenn Stephen Varn ki se pòtpawòl polis Trenton-an confime ta genyen 5 gason ak 5 fi ki ta blese anba bal e endividi sa yo te transpòte rapidman lopital. Yonn nan victim yo te nan yon move eta e yo te oblije refere-l nan swen dijans. Pou sa ki gen pou wè avèk zak sa, yon gwo envèstigasyon deja soupye yon fason pou idantifye lotè a.

Sa ki etonan nan zak sa, se paske li fèt egzakteman yon lane kote ke te genyen yon ensidan pwèske konsa ki te pase anndan yon buzinis kite rele “Art All Night” nan vil Trenton kote ke yon moun te jwenn lanmò li e ven lòt te blese.

credit photo: idahostateman.com

Leave A Reply