Jounen Mondyal Latè: 2 Milyon pyebwa plante an Ayiti ak finansman USAID pou konbat chanjaman klimatik yo pandan n’ap kore plantè ak agrikilti lokal yo

580

Nan dat 22 avril 2021 No. 2021/ 05

POU PIBLIYE TOU SWIT

Jounen Mondyal Latè: 2 Milyon pyebwa plante an Ayiti ak finansman USAID pou konbat chanjaman klimatik yo pandan n’ap kore plantè ak agrikilti lokal yo

 [Pòtoprens] – Gouvènman ameriken an, atravè Ajans Etazini pou devlopman entènasyonal (USAID), ap ede Ayiti plante plis pyebwa pandan n’ap kore ekonomi agrikòl lokal yo, yon fason pou konbat chanjman klimatik yo. Nan okazyon Jounen Monyal Latè a, USAID ap voye kout chapo pou 2 milyon pyebwa ki plante nan zòn gran nò peyi a gras ak pwojè Rebwazman USAID a, an patenarya ak Chemonics ak kominote lokal yo. Pwojè Rebwazman USAID a atake debwazman sou 2 bout pwoblèm la: nou plante plis pyebwa pou nan basen versan kritik yo, yon fason pou limite move konsekans chanjman klimatik yo tankou inondasyon, erozyon ak sechrès. An menm tan, pwojè a sipòte de sistèm agrikilti ak agroforestri dirab ki fè plantè yo fè lajan, yon fason pou kwape debwazman.

 Anbasadè ameriken an Ayiti, Michele Sison, deklare; “Gouvènman ameriken an vle ede plantè ayisyen yo adapte epi jwenn lavi miyò anba chanjman klimatik yo. Debwazman fè Ayiti gen plis chans soufri anba inondasyon, glisman teren, erozyon elatriye. Pou fè fas ak chajman klimatik yo, nou dwe plante plis pyebwa an menm tan n’ap ede plantè yo jwenn lòt opòtinite fè plis lajan an deyò fè chabon.”

 Pwojè Rebwazman USAID a k’ap travay nan Okap, Gran Rivyè, Milo, Limonad, Sent Suzàn, Terye Rouj, Trou di Nò, Ferye, ak Perch, deja enstale 45 pepinyè ki bay plantè yo plan pye bwa pou yo plante. Yo jwenn plant ki gen anpil valè tankou kakawo, pye ki bay fwi, pyebwa pou bay lonbraj tankou mapou ak moringa. Agrikiltè yo plante pyebwa sila yo sou tè yo pou pwoteje peyisaj vilnerab tankou sa ki chita bò rivyè ak nan mòn. Nan dat jodya, pwojè Rebwazman USAID a gentan plante plis pase 2 milyon pyebwa e li pral plante yon lòt 2 milyon pyebwa an plis nan 18 mwa k’ap vini yo.

 An menm tan, pwojè Rebwazman USAID a bay 24 000 agrikiltè fòmasyon sou teknik agroforestri ak sou kijan pou byen jere tè yo epi ede yo kreye pwòp antwepriz agrikòl pa yo pou bay plis fason pou fè lajan. Pwojè a travay ak fanmi vilnerab yo pou enstale de zòn bwaze ki kapap eksplwate yon fason dirab pou fè chabon ak bwa pou konstwi, ak lòt enstalasyon pou fè siro myèl ak zèb sèch pou bay bèt manje, sitou pandan sezon sèch la lè yo kònn pa jwenn manje pou bèt.

Rezilta pwojè sila chanje lavi moun nan zòn lan. Pwojè a ede plantè yo vann rekòlt ak pwodiksyon yo. Konsa, anpil ladan yo rive jwenn plizyè fason pou fè lajan epi kreye pwòp ti antwepriz pa yo pou vann fwi ak legim, siro myèl, zèb pou bèt ak bwa pou chabon oswa konstriksyon. Paul Rolin ki se yon agrikiltè rive plante 1500 pyebwa sou tè li ki se yon ekta ak plan li resevwa nan men pwojè a. Li di: “Tè a te vreman debwaze, te gen erozyon. Depi nou vin mete bwa sou tè a, li ede nou konsève tè a plis epi rekòlte bwa pou konstwi.” Jean Daniel Desrosier ki teknisyen nan pwojè a esplike: “Anvan moun te koupe bwa nenpòt kouman. Kounye a yo vin wè bwa a tankou yon filyè, pou yo eskplwate l fòk yo plante.”

 Epi tou, Paul jwenn anpil siksè nan prodwi zèb sèch pou bay bèt manje. Li kapab bay bèt pal manje epi vann bay vwazen ki bezwen. Program sila transfòme jan kominote yo jere bèt yo.

 A mezi tan pase, plantè yo vin konprann sistèm agroforestri sila yo kapab devlope chak ane selon sezon, depi yo byen jere yo, sa ki kapab ede yo fè plis lajan: nan vann fwi ak legim yo rekòlte, kidonk pyebwa ak pye fwi se yon envestisman pou lavni, bèt se yon byen, zèb sèch la kapab stoke pou bay bèt pa yo manje oswa vann bay vwazen pandan sezon sèch la, yon fason  pou bèt yo pa mouri. Direktè Misyon USAID an Ayiti Chris Cushing esplike: “Sa vin kreye yon sitiyasyon kote tout moun jwenn, tout moun genyen. Nou plante pyebwa pou konbat chanjman klimatik yo, an menm tan nou kreye opòtinite ekonomik dirab pou plantè yo, yon fason pou bati yon Ayiti pi djanm.”

(Tèks la fini)

Comments are closed.