Luis Abinader mande entènasyonal la bouràd pou Ayiti ki plonje nan yon somalizasyon

399

04/20/2021

Madrid, Espayn______(TRiboLAND) Pandan li an vizxit ofisyèl nan peyi Espayn, pwezidan Repiblik Dominikèn, Luis Aninader yè lendi 19 avwil la ap entèsede bò kote kominote entènasyonal la pou ede li pote la men bay Ayiti kap fè fas ak “ensekirite ak enstabilite politik; yon peyi dapwè li ki plonje nan yon somalizasyon pwofon”.

Luis Abinader mande pou kominote entènasyonal la pa kit e yo sèl e li ta bon tou pou Ewòp dwe konsyan de sitiyasyon lamantab Ayiti trouve’l jounen jodia. “Nou pare pou nou ta pwomote yon anviwonman ki konsilyan nan peyi Dayiti, e  abit entènasyonal yo ap kapab toujou genyen wòl pa yo pou yo jwe san ke yo pa bezwen patisipe dirèkteman nan medyasyon an.”

Konsa, chèf Deta panyòl la fè deklarasyon say o, nan moman li tap bay EFE yon interview pandan pasaj li nan peyi Espayn nan kàd pou bay endistri touristic repiblik dominikèn nan la jarèt ak rankontre ak yon seri gwo bayè espanyòl.

Comments are closed.