Chanjman Konstitisyon Ayisyèn nan: Me Kelly Dubréus voye yon piga bay tout raketè

571
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Me Kelly Dubréus, Reprezantan Rasin Kanpép la, nan depatman Nòdwès la, atravè yon rankont ak laprès, fè konnen aprè yon seri refleksyon, se pi bèl Konstitisyon peyi Dayiti pa janm konnen nan istwa li!

Pou Me Kelly, se yon Konstitisyon ki respekte tout dwa fondamantal pèp ayisyen, tankou : dwa pou moun manje, dwa pou moun gen lasante, dwa pou moun gen kay, dwa pou moun ale lekòl…… Manman Lwa peyi a garanti tout dwa sa yo.

Sepandan, dirijan nou yo, ki mare nan pye tab blan kolon e ki pa janm fè aplike Konstitisyon sila yon jou, pa gen lòt opsyon, se chanje l, oswa amande l pou fè zòt plezi ak bayo dwa pou depatcha richès minyè peyi a.
Men se byen konte mal kalkile!

Me Dubréus, voye di tout moun ki panse chanje oubyen amande Konstitisyon 1987 la, pou yo al li atik 284, 2e alineya, sa Manman Lwa peyi a ki di “okenn moun pa gen otorite pou fè Referandòm pou chanje Konstitisyon an”.

Selon Jiris la, li totalman entèdi pou moun ap pale de Referandòm pou chanje Konstitisyon 1987 la ki deja trase baliz kijan sa dwe fèt.

Jiris la fini pou di : dirijan nou yo ki gen diplòm answit doktora nan fè sa ki mal, olye yo goumen pou garanti dwa fondamantal Pèp Ayisyen an, yo pito ap pale de Referandòm, Pwojè Konstitisyon pou fè Kominote Entènasyonal la plezi, men se byen konte mal kalkile paske pa twòlontan Pèp Souvren an pral leve nan dègonn yo.

Libète ou Lanmò !!!!

Share:

Leave a reply