Syèl peyi Dayiti leve tou blanch, previzyon metewolojik yo lonje dwàt sou pousyè

434
0
Share:
TRiboLAND


07 –  26  – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Syèl peyi Dayiti leve tou blanch jodi vandredi 26 jiyè 2024 la, daprè S.O.S Haïti-Météo se anpil pousyè ki nan syèl la e ki lakoz, men se pa tan an ki mare pou lapli.

Vout pousyè sa kap banbile nan syèl Dayiti a, daprè @Berthony, deja kòmanse pwovoke gwo chalè, anplis li kapab gen gwo konsekans sou je moun kap gade anlè san rete.

Pou pwoteje tèt nou, S.O.S Haïti-Météo mande pou moun evite fiikse syèl la san linèt, epi pa ekspoze timoun yo nan lari paske sa ka ba yo pwoblèm pi devan.

Share:

Leave a reply