PHTK : Liné Balthazar pa vle danse kole ak pwojè referandòm Jovenel Moise la

285

04/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Liné Balthazar, kòwòdonatè pati kale tèt Ayiti a (PHTK), chwazi eskivze dosye konstitisyonalite Jovenel Moise la, men pwefere mete angàd gouvènman an sou kondisyon teknik òganizasyon referandòm konstitisyonèl konteste a.

Balthazar ki t’ap entèvni sou yon radyo nan kapital la, estime ke ofis nasyonal idantifikasyon (ONI) an poko nan wout vrèman detèmine latriye sitwayen kap prè pou vote avan dàt 27 jwen 2021 an ki prevwa pou òganizasyon referandòm nan.

Pou Liné, mèyè bagay pou Jovenel Moise ta dwe ambwate koulya, se renonse ak yon parèy inisyativ referandòm ki pap fè lòt bagay ke kreye yon sitiyasyon enposib pou yon akò politik ak tout fòs viv peyi a yon fason pou fasilite preparasyon eleksyon pou nouvo pwezidan nan dàt 7 fevriye 2021.

Comments are closed.