KAN : Senegal kalifye yon lòt fwa ankò pou final

268
0
Share:
TRiboLAND

Par John Jean Jacques

02/02/2022

Yaoundé________(TRiboLAND) Premyè demi final Koup Nasyon Afrik yo, ki te mete fas pou fas Boukina Faso kont ekip Senegal la nan estad Omnisport Ahmadou nan Yaoundé, fini 3-1 nan avantaj senegalè yo.

Pou match sila a, Boukinabe yo ki te pouse do Tinizi deyò nan ka de final yo, te demare ak yon sistèm 4-3-3 avèk retou Issoufou Dayo, Bertrand Traoré ak Hassane Bandé. Bò kote ekip Senegal la, Antrenè a ki se Aliou Cissé, te kanpe an 4-2-3-1.

Nan yon rankont ki te demare ak anpil angajman bò kote 2 ekip yo, anpil bèl aksyon ak okazyon te kreye, men sa pat anpeche ke premyè peryòd la te fini 0-0.

Aprè ke 22 aktè yo te sòti nan vesyè a, 2 ekip yo ta pral demare dezyèm mitan an ak menm motivasyon yo. Anpil dyèl nan mitan teren an te lakoz pat gen twòp okazyon gòl. Nou te dwe tann jis 70e minit pou premye gòl nan match la te arive matryalize nan avantaj Senegalè yo. Defansè Pari Sen Jèmen an, Abdou Diallo te bay ekip Senegal la avantaj la sou yon kònè (0-1, 70′).

Sis minit apwè ko-ekipye Mané te fè brek la ak yon lòt jwè Pari Sen Jèmen, Idrissa Gueye (0-2, 76′). Malgre match la pat tounen nan avantaj yo, Boukinabe yo te toujou kenbe menm detèminasyon an ki ta pral pèmèt yo redwi esko a aprè yon bèl pas avèk Kaboure pou Blati Touré ki te mete balon an nan gòl (2-1, 82′). Men espwà ekip Boukina Faso a ta pral etenn 5 minit aprè ke yo te jwenn rediksyon mak la. Atakan Livèpoul la, Sadio Mané ki se ko-ekipye Bertrand Traoré ta pral mete klou sou apse lè te enskri 3e gòl Senegalè yo (3-1, 87′). Malgre tout efò jwè Boukinabe yo, match la te fini 3 -1 an favè Senegal.

Pou listwà, sa fè 3 fwa Senegal kalifye pou grand final yon parèy konpetisyon.  Lap genyen pou l rankontre swà Kamewoun oubyen Ejip.

Share:

Leave a reply