Fédération Protestante d’Haiti kritike move gouvènans pouvwa Jovenel Moise la

233

Pòtoprens___(TRiboLAND) Fédération Protestante d’Haiti (FPH) atravè prezidan li, Reveran Calixte Fleuridor denonse ak tout fòs li gouvènans anfatiyaj pouvwa a ki lage peyi a nan yon sitiyasyon kote ke moun pa kapab viv. “Ensekirite, mizè, chomaj ak divès lòt pichon se sa ki karakterize deteryorasyon danjerez sitiyasyon an alòske otorite yo rete endiferan fas ak kansè sa kap ronje majorite sitwayen ayisyen”.

Toujou, daprè Mesye Fleuridor ki kwè li anòmal pou sitwayen yo pa menm ka rive jwenn ti bezwen debaz yo; men ou jwenn anplis propagasyon gang ame k’ap detwi e rann lavi yo ensupòtab.

Konsa, Reveran Fleuridor envite prezidan Jovenel Moise pou genyen ti kal konpasyon, pou li asure sekirite ak proteksyon ayisyen yo e pèmèt yo jwen yon ti minimòm ki kapab fasilite yo viv nan dinyite.

Comments are closed.