Militan PHTK atake nouvo pwemye minis Ariel Henry nan Okap-ayisyen

562

07/22/2021

Kap-ayisyen______(TRiboLAND) Sitiyason an vle dejenere nan Okap-ayisyen, dezyèm vil peyi Dayiti ki pwograme pou funeray nasyonal pwezidan asasine an, Jovenel Moise. Se nan kontèks sa, genyen gwo leve kanpe nan depatman Nò peyi pou reklame jistis pou Jovenel Moise.

Gwo van panik achte Okap lajan kontan pandan 2 joune konsekitif; TRiboLAND apwan atravè yon seri sous kredib ke kòtèj nouvo pwemye minis Ariel Henry sible apwè midi jedi 22 jwiyè a nan Ri 6 sou Boulva a. Nèg ki reklame tèt yo kòm militan ki danse kole ak PHTK ta detèmine pou etènn souf tout manifestasyon ki ta genyen pou wè avèk funeray nasyonal Jovenel Moise.

Antouka, bwà a sanble li mare e veye patriyotik pou swàre 22 jwiyè deja ap pwan lanm e menm riske pase an gagòt; alòske militan yo ki deja ap vire kon topi polis nasyonal la, e deklare pa gen oken funeray kap fèt nan depatman tout otan Jovenel Moise pa jwenn jistis.

Comments are closed.