Apwè 185 jou abò ISS, yon Ameriken ak 2 Rus retounen sou planèt Tè a

440

04/17/2021

Moskou_____(TRiboLAND)  Aprè key o sot pase 2 trimès abò Estasyon espasyàl Entènasyonal la, yon Ameriken ak 2 Rus retounen sou planèt Tè a vè 4:55 GMT swa vè 12:53 a.m. EDT, jodi samdi 17 avril 2021 an nan Kazakhstan.

Dapwè Dmitry Rogozin, gwo Alatèt Ajans Espasyàl Roskosmos Rus la, deklare ke mesyedàm yo anfòm e yo ap byen pase apwè ke yo te soti nan kapsul espasyàl la (Soyuz MS-17) e yo te kòmanse ap reyajiste yo avèk efè gravite a.

Twa astwonòt sa yo ki se: Kate Rubins (NASA), Sergey Ryzhikov ak Sergey Kud-Sverchkov ki te fè pati Ekspedisyon 63-64 la, e ki te rive nan konplèks laboratwà vironnaj la 14 oktòb dènye, dapwè Associated Press.

Koulya, genyen apepwè 7 lòt moun ki toujou rete an sitiyasyon misyonè abò (ISS), Estasyon Espasyàl Entènasyonal la.

Comments are closed.