Pwezidan dominiken an, Luis Abinader avèti chèf gang sangwen ayisyen yo pa lapenn mete pye nan repiblik dominikèn

1,861

09/03/2021

Sen Domeng______(TRiboLAND) Pou li montre ke lakay li genyen yon Leta ak yon sistèm sekirite polis ki djanm, pwezidan repiblik dominikèn nan, Luis Abinader fè yon chout sou gouvènman ayisyen an, lè li voye yon avètisman penga seren bay tout chèf gang sangwen kriminèl kap opera nan peyi Dayiti.

Chèf deta panyòl la voye yon pinga seren bay tout  “chèf gang sangwen nan peyi Dayiti ki ta fè erè antre nan repiblik dominikèn, yo ap jwen ak zo grann yo e fè fas ak yon entelijans, yon fòs ame e yon polis ki klèman genyen pwojektè sou yo”, dapwè Abinader ki tap depoze sou yon chèn televizyon lokal.

“Nou konnen yo trè byen ki yes ki chèf gang sangwen yo e nou genyen yon dosye entelijans klè kon klèwoz sou yo chak”, dapwè pwezidan Luis Abinader.

Selon Abinader, jiska pwezan, gwoup sangwen sa yo pa repwezante oken danje pou repiblik dominikèn; sepandan, se klè, gouvènman dominiken an ap fè bwàs pou kontinye travay pou sekirize pèp li. Pwogram pou klotire fontyè a, se youn pami yon seri inisyativ pou sekirize nasyon panyòl la.

Comments are closed.