“Centre du Service d’Aide à l’Autonomie” pa kwè nan bon diskou Laurent St-Cyr nan tèt KPT a

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Frèchman enstale kòm kòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Laurent St-Cyr pa konvenk CESA (Centre du Service d’Aide à l’Autonomie) sou kapasite li pou pote amelyorasyon reyèl nan sitiyasyon peyi a.
Daprè CESA, chak fwa yon manm konsèy la pran direksyon KPT a, li toujou prezante tèt li ak diskou ki fè kwè li gen yon manda konplè. Sepandan, de gwo pwen ki te nan fèy de wout la “sekirite ak eleksyon” rete san okenn aksyon konkrè. O kontrè, CESA estime sitiyasyon an vin pi konplike chak fwa genyen yon enkonpetan kap fè jilbwèt monte nan tèt KPT demonyak la.
Òganizasyon an mande Laurent St-Cyr ak Premye Minis la bay prèv ke akizasyon sou sektè prive a se manti, sitou paske yo se reprezantan enpòtan nan sektè sa a, ki daprè yo toujou ap etrangle peyia.CESA lanse yon apèl bay pèp ayisyen an pou pran responsabilite li kòm pèp souveren: “Li pa posib pou nou kite peyi a ap fini konsa devan je nou,” se deklarasyon CESA nan konklizyon mesaj li.






