Minis Kilti ak Kominikasyon an onore memwa Toussaint Louverture

316

04/08/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Tankou jan sa toujou fèt, minis kilti ak kominikasyon an, Pradel Henriquez depoze yon kòbèy floral devan pye monuman istorik prekusè endepandans lan, Toussaint Louverture, mèkredi 7 avril 2021 an sou Chandmas.

Yon jès senbolik ki make 218 lane anivèsè lanmò vanyan lidè ayisyen sa ke yo te kidnape e asasine nan Fòdejou nan peyi Lafrans. Nan pawoli sikonstans lan, mesye Henriquez mete chapo ba devan kalite modèl leadership ak yon seri eksplwà ke vayan gason sa te fè nan tout pakou li. Konsa, “nou kite tout wout zansèt yo te trase yon fason pou nou pwosede nan detwi pwòp tèt nou,” dapwè Pradel Henriquez ki t’ap depoze nan okazyon an.

Nan okazyon 218 lane anivèsè asasina prekusè endepandans Dayiti a, minis Henriquez te pwofite vizite Musée Panthéon Natonal Haitien an (MUNAPH), yon enstitisyon ki egalman yon patrimwàn istorik ak kiltirèl.

Nap raple, majorite lidè ayisyen yo kontante yo pou yo onore memwa ewo yo ak bèl jèb flè alòske yo pasispan maltrete pwòp pitit ewo sa yo ki te swete wè bonjan kondisyon lavi pou chak sitwayen. Ki sa ki genyen kòm val nan ofri bèl flè a yon papa alòske se ak kout pye ak zàm w’ap maltrete pitit li!

Comments are closed.