OPL diskalifye “Relijyon pou Lapè” kòm entèmedyè pou yon evantyèl dyalòg nasyonal

383

04/07/2021l

Pòtopwens______(TRiboLAND) Òganizasyon Pèp k ap Lute (OPL) voye jete tout ide dyalòg ke strikti “Relijyon pou Lapè” a ap klewonnen nan jou sa yo.

OPL se pami yon latriye òganizasyon ki deside diskalifye “Relijyon pou Lapè” kap trese lèl ak yon zèl kàt medyatè. Dapwè pòtpawòl OPL la ki se Danio Syriac, “Relijyon pou Lapè” se yon makònn fanm ak gason ki soti nan plizyè relijyon peyi Dayiti san konte katolik ak pwotestan ki deja bay pozisyon yo sou kriz peyi a.

Konsa, pòtpawòl OPL la rete kwè ke demach bò kote yon seri biwo entènasyonal kapab pi favorize yon dyalòg sensè ak yon kolaborasyon enstitisyon ayisyèn ki kredib ki pa nan woule’m debò.

Comments are closed.