YON EKLÈSISMAN SOU ZAK KI PASE NAN LOPITAL IMAKILE KONSEPSYON NAN VIL PODEPÈ

437
0
Share:
TRiboLAND

Lopital Imakile Konsepsyon PodePè a itilize vwa Direktè Medikal li a pou li kondane ak tout fòs li zak abitrè, gwo ponyèt polisye ajan BLTS yo ak tout Direktè Depatmantal Polis Nasyonal la fè nan lopital depatmantal Leta jou kite 21 jiyè 2025 lan, byen bonè nan maten, kote yo rantre ak gwo zam fann fwa tankou se nan yon zòn non dwa yo t ap rantre pou al reprime gang. Yo vyole ansent lopital la kòmsi pèsonèl sante yo pa genyen okenn dwa.

Polisye BLTS yo ak tout Direktè Depatmantal la Polis la kadriye tout kote lopital la prensipalman nan zon matènite a kote fanm ansent ap kriye, soufri ak gwo doulè tranche pou fè pitit pandan Direktè Medikal lopital la te nan sal operasyon ap fè yon sezaryèn. Nou konnen frajilite yon fanm ansent genyen nan moman li pral akouche, yon senp deranjman sikilojik ka debouche sou nenpot gwo kriz ki ka menm koz lanmò l.

Nou twouve li nesesè anpil pou nou raple tout lapolis la an jeneral bagay sa yo genyen yon fason yo dwe fèt sitou ke pa genyen flagrans paske yo se oksilyè lajistis, sa vle di y’ap travay pou lajistis; kidonk, entèvansyon y ap fè dwe kadre ak lajistis.

N ap raple yo tou, lasante se poto mitan tout sosyete paske si lasante moun pa byen garanti li ka genyen konsekans grav sou tout sosyete a. Epi sa polisye yo dwe konnen, lasante se pa sèlman yon pwoblèm nan kò fizik yon moun, men nan mantal moun tou. Se sa ki fè lasante enpòtan anpil paske yon malad mantal ka poze nenpòt zak briganday san li pa konnen ki konsekans sa ka genyen nan sosyete a. Egzanp sa ki pase nan lopital la 21 jiyè 2025 lan.

Nou konstate ak 2 nawè nou kòman ajan BLTS yo pa respekte KAD ki nan lasante epi menm bliye si se kad sa yo ki toujou la pou yo prensipalman ANESTEZIS ak OTOPEDIS; lè yo chwazi imilye 2 kad k ap ofri sèvis yo ak sosyete a nan move kondisyon kote se ak zong yo y ap travay. Se yon zak demounizasyon ki voye jete tout dwa fondamantal moun kòm sitwayen e ki alafwa kase tout kòd dewontolojik ak etik profesyonèl yo.

Lè nou wè kòman lapolis mobilize plis pase 20 ajan BLTS ak gwo zam fann fwa, pou poze yon zak «d’enlevèment de façon arbitraire sans tenir compte de la présomption d’innocence 2 de nos cadres de la Santé Publique et de la Population” yon espesyalis ki se yon Otopedis, sa vle di yon Doktè zo k ap sevi tout depatman Nòdwès la ak yonn nan 3 Anestezis ki genyen sèlman pou yon lopital depatmantal, sa fè n konprann Ayiti nou tout vle a se pa pou demen.
Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Podepè se pou Leta e nou konnen lapolis la ap travay pou Leta. Se pou sa nou mande fòk genyen yon mezi sevè ki pran rapidman pou kanpe emoraji sa sinon sosyete a ap rantre pi fon toujou nan dezespwa ak nan dezawa epi jenerasyon k ap vini yo ap genyen pou jije nou anpil fraka.

Nou mande reparasyon pou diyite, Onè ak respè Dr Isaac Arnelphonse ARCHELUS ak Miss Nerline JOACHIM pou yon bagay konsa ki simen laperèz nan yon espas ki dwe genyen trankilite lespri pa janm repete nan sosyete a ankò e n’ap fè yo sonje misyon yo se PWOTEJE AK SÈVI! Reparasyon pou lopital Imakile Konsepsyon nan vil Podepè paske zak britalite sa tromatize tout anplwaye li yo e pèmèt tout malad yo kouri kite lopital la sou anpil presyon. Genyen nan malad yo se ak tout sewòm nan men yo, yo pete kouri paske yo pat konprann sa ki t ap pase nan lopital la tèlman yo te choke lè yo wè polisye BLTS kadriye sal operasyon kote premye pèsonèl lopital la ki se Direktè a t ap opere yon fanm ansent ki te nan sitiyasyon difisil nan lide pou te delivre ni manman, ni pitit. SE LASANTE NOU BAY, SE LI N AP KONTINYE BAY. PA MELANJE NOU NAN ZAK NOU PA KONNEN.

Reparasyon non sèlman pou malad yo espesyalman pou sa kite grav yo kite bezwen asistans Medsen ak Infimyè men kite oblije kite lopital la pou sove vi yo paske yo pat santi yo an sekirite; men tou pou sa ki te lakay yo ki malad ki te bezwen vini lopital pou garanti sante yo men akoz zak briganday polisye BLTS ak direktè depatmantal polis la, laperèz te anpeche yo vini nan lopital Leta. MENM NAN PEYI KI GENYEN LAGÈ LOPITAL TOUJOU ANBA PWOTEKSYON POU SOVE LAVI MOUN KI VIKTIM.

N ap mande lajistis rekadre sitiyasyon sa prese prese paske lapolis ap travay pou lajistis, pandan n ap raple lajistis, lopital se lasante li bay, se lavi moun l ap sove pou pèmèt nou genyen yon sosyete ki an sante pou pwogrè nasyon an kote n ap ka pwodui pi bon refleksyon pou anpeche se pa moun malad ki nan Lapolis la… N ap mande Leta voye je gade popilasyon an paske pa ka genyen yon lot Leta nan Leta.

Kidonk, nou mande pou minis jistis la ki se chèf Lapolis pou yo tande ajan BLTS sa yo ki te vin fè briganday sa nan lopital la epi afebli lajistis plis, epi konnen ki entansyon epi ki motivasyon yo te genyen egzakteman. Se sèl fason pou nou rejwenn diyite ak respè nou devan lot pèp k sp imilye nou yo epi pou nou jwenn fòs pou sòti nan dezespwa nwa sa, pou’n ka kwape tout fòs fènwa ki vle rantre nou pi fon nan labim kote nou ye a.

Doktè Miclaude PAUL, Direktè Medikal
Lopital Imakile Konsepsyon nan Podepè

Share:

Leave a reply