Sitwayen Janrabèl Manifestasyon pou Renouvèlman Leadership Mèri a

386
0
Share:
TRiboLAND

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè dizèn sitwayen nan bouk Jan Rabèl te pran lari jounen samdi 13 septanm 2025 lan, nan kad yon gwo manifestasyon ki te òganize sou lobedyans asosyasyon AJPDP. Mouvman sa a fèt kòm yon apèl pou renouvèlman leadership la nan mèri lokal la, ke manifestan yo kritike kòm katèl ki pa reponn ak bezwen kominote a.

Pami prensipal demann yo, manifestan yo mande katèl aktyèl ki nan tèt mèri Jan Rabèl la, demaske yo nan figi moun; e kite plas yo pou pèmèt yon ekip nouvo pran direksyon bak enstitisyon an. Yo pwopoze Mano Arnel kòm yon kandida ki ka dirije mèri a ansanm ak yon ekip jèn ki gen kapasite ak konesans pou fè devlopman nan komin nan.

Manifestan yo te pote bandwòl ak afich, pandan y’ap chante ak rele slogan pou montre dezapwobasyon yo sou move jesyon aktyèl mèri a, men tou pou ankouraje solidarite ak angajman jèn nan politik lokal la. Yo ensiste sou enpòtans pou bay jèn ki konpetan opòtinite pou patisipe nan dirèksyon enstitisyon yo, kòm yon fason pou amelyore sèvis piblik yo ak ogmante transparans nan jesyon mèri a.

Share:

Leave a reply